Jounen entènasyonal lang manman se yon jounen ki raple wòl potomitan premye lang yon pèp nan tranmisyon valè kiltirèl ak pwodiksyon konesans. Youn nan karakteristik ki estatiye lang yo «kreyòl» se itilizasyon lang sa yo kòm premye lang yon kominote Jacques Leclerc (1989) epi Robert Anderson Hall ( 1966) otè sa yo mete pidginizayon kanpe pou eskplike aparisyon kreyòl yo; Salikoko Mufwene, pwofesè nan inivèsite Chicago bò kote pa l wè pito nan kreyòl yon varyete lang endo-ewopeyen. Li pa fè okenn dout « kreyòl ayisyen se lang matènèl/premye lang tout Ayisyen ki fèt epi leve ann Ayiti » Hugues Saint-Fort (2020).
Nan atik sa a, nou retounen sou orijin eskpresyon lang matènèl la, nou fè yon ranmase sou diferan rechèch syantik ki estatiye lang kreyòl yo, san ajoute ni mete sou konpleksite deba a, epi nou gade lajman laj sitiyasyon miwo miba lang matènèl la nan rapò l ak lang fransè a kòm 2èm lang sou teritwa ayisyen an, answit nou bout avèk yon konsiredasyon sou enpòtans lang manman nan edikasyon daprè pèspektiv ekspè Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Lasyans ak Kilti a, (UNESCO).
Ki kote ekspresyon «Langue maternelle» la soti ?
Diskisyonè lengwistik lawous (dictionnaire le Linguistique, Larousse) defini «langue maternelle» kòm premye lang yon endividi pale nan kontak dirèk ak moun lakay li, endividi sa vin yon lokitè natif. Kidonk, kreyòl ayisyen se premye lang ayisyen lokal aprann pale depi tou piti. Se ladann lokitè ayisyen yoaprann nonmen anviwonnman fizik yo, rakonte santiman yo elatriye. Se yon lang lokitè a aprann nan yon sitiyasyon natirèl ki chita sou yon sistèm entèraksyon dirèk ki devlope konpetans ak pèfòmans lakay yo.
Se nan peryòd medyeval, swa vè 11è osnon 12è syèl ekspresyon an parèt premye fwa nan prèch mwàn nan tiritwa Gorze yo «sermons des moines de l'abbaye de Gorze» pou jistifye izaj lang fransik yo nan prèch yo, ansyen lang pèp fran yo. Selon Andrée Tabouret-Keller (2004) , sikològ fanm ki travay sou bilengwis lakay timoun, ansyen pwofesè nan inivèsite Strasbourg, se vè 12è syè eskpresyon an gaye nan ekri laten moun te pale anndan legliz nan epòk la pou kalifye lang ki pa t laten. Pou josiane Froissart (2015) se ekriven italyen Dante Alighieri ki lakòz ekspresyon sa a akoz travay powetik li a nan lang vilgè. Nan chapit sou aparisyon ekspresyon lang matènèl la, Andrée Tabouret-Keller site esè ekriven italyen an «De vulgari eloquio » (1304)» an fransè « de l'éloquence en langue vulgaire » ki itilize ekspresyon tankou: « materna locutio » epi « materna vulgare » answit eskpresyon « parlar materno » nan powèm naratif Dante a, Divin Komedi (1308-1321). Dante ekriyon fason sa pa t janm fèt anvan, lè li souliyen enpòtans pale nan yon lang tout moun, gason, fanm ak timoun ka konprann. Li eskplike, moun an reyalite gen 2 mòd ekspresyon oswa 2 kalite "pale" ("locutio"). premye a, ki se pale vilgè, se langaj moun atrape nan timoun yo, pandan y ap imite manman yo (nourisyè), li pale san règ; dezyèm nan, se yon pale save, sa aprann nan etid, li mande yon peryòd tan pou metrize règ ak doktrin yo. Dante pouswiv, li di premye a natirèl moun itilize l patou san pwoblèm, alòske dezyèm nan atifisyèl, se yon ti gwoup moun zuit ki pale l. Sa montre aklè ekspresyon lang manman an pa parèt pou kont li, li parèt jan rechèch yo montre sa nan yon rapò privilejye lang sou lang oswa rapò divès varyete yo nan yon menm lang.
Yon rale sou rechèch syentifik ki fèt sou lang kreyòl yo
Gen plizyè ipotèz k ap toke konn yo nan diskou syantifik yo. Lengwis yo defini kreyòl, yon lang « ibrid » ; yon lang ki apati kontak lòt lang , prete trè pou li kreye tèt li . Sa fèt nan yon pwosesis kolonyal. Kidonk kreyòl ayisyen an se rezilta kontak kolon franse, ki gen fransè kòm lang pa yo, epi esklav afriken depote yo ki te pale divès lang tankou: lang Gbe, lang Kwa, lang Bantu… Hugues Saint-Fort (2020) nan atik li ki parèt sou Potomitan. Pou espasyalis lang kreyòl yo (kreyolis), kreyòl yo se yon seri lang ki pran nesans nan kontak pèp diferan ki te pale lang diferan. Ian Hancok (1977) resanse plis pase 127 kreyòl (oubyen pidgin) nan mond lan : 35 ki gen baz anglè, 15 a baz fransè, 14 a baz espayòl, 5 a baz neyèlandè, 3 a baz italyen, 6 a baz alman, 1 a baz slav, 6 a baz amerendyen, 21 a baz afriken, 10 a baz aziyatik. Sa montre sa eritaj kolonyal konène lòt rejyon.
Kreyòl yo se yon seri pidgin ki vin premye lang yon kominote, Jacques Leclerc ( 1989), otè a defini pidgin kòm yon lang miks ki gen yon estrikti ridimantè, sa vle ki pa gen bon eskelèt sentaksik, yon lang ki chita sou sistèm leksikal redwi. Pidgin yokreye tou nan yon kontèks komèsyal kote 2 kominote ki pa pale menm lang kwaze y ap tante chepe mo nan bouch lòt pou favorize echanj. Lang kreyòl yo se ta rezilta evolisyon Pidgin yo, ki vin restriktire. Lengwis yo rapwoche kreyòl ayisyen ak lang fransè a anpil , daprè chèchè yo lang manman ayisyen yo soti nan matris lang fransè a, ki konsidere kòm lang leksifikatè l.
Hugues Saint-Fort, lengwis kwonikè kiltirèl nan Haitian Times nan site pwofesè nan MIT a, Michel DeGraff (1999) pou raple 3 prensipal ipotèz kreyolis yo avanse pou esplike kijan lang kreyòl yo te rive fòme. Youn nan yo se ipotèz sa yo rele ipotèz « sibstratis », se lè yon lang rantre anndan yon lòt lang li chita jouk li ranplase lang sa. Dezyèm nan se Ipotèz « sipèstratis » la, li menm se lè lang sa rantre nan lòt lang lan li chita san l pa ranplase l. Dènyè a se ipotèz « inivèsalis » la . Dapre ipotèz sibstratis la, lang kreyòl yo se rezilta sa ki rive lè lokitè lang Afriken sa yo ki t ap viv nan Afrik Lwès la te transfere estrikti semantik ak sentaksik lang matènèl yo a anndan leksik lang ewopeyen yo ( Sylvain 1936, Lefebvre 1998). Sa montre enflyanse lang afriken sa yo a sou kreyòl ayisyen an. Lengwis Saint-Fort rapòte, dapre ipotèz sipèstratis la, se lang ewopeyen yo ki kapab esplike pi byen ki jan lang kreyòl yo te rive fòme, espesyalman lang kreyòl ki baze sou fransè yo, li site Faine (1936) ak Chaudenson (1992, 2003); Kidonk kreyòl ayisyen an ka pi pwòch lang fransè ke lòt lang ki simante pwosesis kreyolizasyon an. Menm jan lengwis Suzanne Comhaire-Sylvain (1936) soutni sa pou l di: « yon franse ki pase nan moul sentaks lang afriken, oubyen, kòm jeneralman yo klase lang yo selon resanblans sentaksik yo genyen, nou kapab di ke se yon lang éwé ki genyen yon vokabilè franse. » (Tradiksyon pa lengwis Saint-Fort). Kidonk lang esklav yo (sibstra) makònnen ak lang kolon yo (sipèstra) pou bay kreyòl.
Ipotèz inivèsalis la, yo rele l tou nan lang fransè « bioprogramme » ki elabore apati obsèvasyon tranzisyon jenerasyonèl pidgin ak kreyòl yo. Lengwis anglè Derek Bickerton (1984a) bò kote pa l, rekonèt orijin lang kreyòl yo nan jenerasyon timoun paran deplase oswa imigre yo. Lengwis anglè ale pi lwen pou li di, « kreyòl sa yo reprezante gramè inivèsèl nan yon fòm pi pwòp pase lang ki devlope istorikman yo, paske timoun sa yo, ki pa gen aksè a premye lang paran yo ankò, oblije konte sou fòm inivèsèl reprezantasyon siyifikasyon pou konstwi pwòp deklarasyon yo» [ tradiksyon asite ], Jacques François (2019).
Mufwene nan chapit «Les créoles: de nouvelles variétés indo-européennes désavouées» Salikoko Mufwene (2006), defann yon tèz ki pote kreyòl yo pi lwen toujou, pou li menm kreyòl pa sèlman yon kontak popillasyon ak popilasyon, syantifik la atire atansyon nou pou nou pa tonbe nan pyèj : «l’histoire de l’humanité est tellement marquée par des mouvements et des contacts de populations qu’on finirait par appeler toute langue , créole » ( tèlman gen mouvman, kontak popilasyon ak popilasyon ki make mond lan, nou ka tanmen rele tout lang sou latè kreyòl ) [ tradiksyon pa mwen]. Soutni Kreyòl kòm varyete lang endo-ewopeyen, se plase lang kreyòl yo nan menm pwosesis evolitif ak tout lang ewopeyen yo : Fransè, Alman, Anglè elatiye… ak lòt seri lang ansyen yo tou tankou Endi, Pèsan, Sanskri, laten elatriye. Yon lide, espasyalis Sibylle Kriegel, Ralph Ludwig ak Stefan Pfänder (2019) voye jete byen lwen. Nan yon atik yo ki titre «Dialectes – créolisation – convergence», triyo syantifik la kritike Michel DeGraff akSalikoko Mufwene, ki ta fè kwè kreyòl yo pa soti nan evolisyon Pidgin. Mufwene ak DeGraff refize « vye ideyoloji sosyal filozòf 19èm syèk » yo ki te konsidere kreyòl tankou yon Pidgin, tankou « aberrations langagières ». Pou yo menm lengwis yo te konfonn klasifikasyon rasyal lang yo (fanmi lang yo) ak klasikasyon rasyal lokitè yo (orijin etnik lokitè yo).
Koudèy sou sitiyasyon sosyolengwistik peyi
Atik 5 konstitisyon 1987 peyi a klè sou sa, peyi a genyen 2 lang ofisyèl : kreyòl ak franse. Menm si li rekonèt se kreyòl (lang manman) ki simante tout ayisyen. Nan obsèvasyon chèchè yo fè sou kowabitasyon 2 lang yo sou teritwa a, rapò de lang pa kòdyal, ni nan nivo pèsepsyon ni nan metriz. Lang kreyòl la pa echape anba diskou pikankwenna, represyon sou lokitè kreyolofòn, diskriminasyon, ak prejije tout kalte. Diskou dwategòch sa leve plim sou do espasyalis yo ki menm kwè pa gen yon lang ki plis pase yon lòt. Plizyè lengwis tankou pwofesè Michel DeGraff, Yves Dejean souliyen sa nan travay yo.
«Je dois m'exprimer en Français» [ Mwen dwe pale fransè] ak pinisyon tout kalte nan lekòl , pa inosan nan konstwi pèsepsyon sou lang yo. Pratik sa yo fè lang fransè konsidere kòm lang moun save, moun ki konn « pale », gwoup sosyal yo pote w sou tèt, se tankou lokitè a te grenpe nan yon lòt klas sosyal. Chèchè yo dakò pou di tout ayisyen pale kreyòl, alòske se yon ponyen ayisyen ki pa pale fransè. Pou lengwis Renauld Govain ki site Richard (2016) pou tante etabli demografi 2 lang yo, li fè konnen se pa yon egzèsis fasil, paramèt yo definisyon yo te vag epi estatistik yo absan oswa enfidèl. Daprè Richard (2016) se 41% swa 4 454 000 lokitè sou yon popilasyon 10,7 milsyon abitan ki pale fransè. Yon estimasyon ki manke resan, pliske li date depi 2013, an plis lengwis Govain, pwofesè nan Inivèsite Leta Ayisyen an souliyen se (francophones+ partiellement francophones) sa vle di resansman sa te konte moun ki pale fransè a an pati tou.
Chak fwa gen plizyè lang k ap itilize nan yon kominote, nou devan fenomèn lengwis yo miltilengwis, plirilengwis, bilengwis oswa diglosi elatriye. Kidonk nan ka Ayiti, menm si konstitisyon an deklare peyi a bileng, men reyalite pratik 2 lang yo montre se yon « bilengwism endividyèl » Fattier (2013), sa vle di se yon ti kras moun nan popilasyon an ki konsène, estatik ki site pi wo a montre sa. Chak fwa yon kominote lengwistik twouve l nan sitiyasyon lengwistik miwo miba sa yo oswa kowabitasyon plizyè lang, leta dwe etabli yon politik lengwistik pou regile pratik lengwistik yo, Guerlande Bien-Aimé, Renauld Govain (2024). Yon politik lengwistik se yon seri « chwa byen kalkile ki konsène rapò lang yo», k ap etabli a pati yon planifikasyon lengwistik. Kidonk pou gen bonjan rapò ant kreyòl ak fransè leta pa dwe kontinye founi je gade san pran desizyon.
Boutofen, lengwis yo toujou raple nesite pou gen bonjan travay amenajman ki fèt pou etabli yon pi bon rapò ant lang yo. Chèchè yo montre, li pi fasil pou yon izaje manipile lang manman l epi aprann pi byen ladann l. Jan Yves Dejean ( otè Liv, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba) te souliyen sa, peyi a dwe sèvi ak lang manman kòm zouti nesesè pou tabli fondazyon pou lekòl tèt anwo. Prizidan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) an Rogéda D. Dorcil nan pawòl li toujou montre nesesè pou travay amenajman lengwistik yo fèt an pwofondè pou lang manman pèp ayisyen an aprann pale lasyans. Menmjan ak tout lang, kreyòl Ayisyen an gen jèvrin pou l fè diskou syantifik. Pi lwen, daprè Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Lasyans ak Kilti (UNESCO), lang manman enpotan anpil nan amelyorasyon aprantisaj lakay timoun ak pèfòmans eskolè yo, daprè espasyalis òganis entènasyonal la, li fè timoun yo pa kwense nan sosyete a. Pou nou jwenn lang manman gaye kò l nan lekòl, legliz, biwo, andministrasyon elatriye, gen anpil jefò ki pou fèt, e se zouti politik lengwistik nou te pale pi wo a, bò kote planifikasyon lengwistik ki pou fè lang manman an jwenn reyònman li merite a.
Redaktè: Guerby JEAN
Kèk referans
- Salikoko S. Mufwene, “Créolisation linguistique et Sciences Humaines,” ed. by Marie-Paul Ansie. Paris: Presses Universitaires HaVtiano-Antillaises, 2006.
- Bickerton, Dereck, Creole languages and the bioprogram. In F. J. Newmeyer (Ed.), Linguistics: The cambridge survey (pp. 268–284). Cambridge: Cambridge University Press.
- Robert Anderson Hall, Pidgin and Creole Languages, Cornell University Press, 1966 - 188 page
- Thierry Paquot, Langue maternelle, Dans Hermès, La Revue 2016/2 (n° 75), pages 60 à 63
- Andrée TABOURET-KELLER,Les métaphores multiples de l'expression, Cahiers de l'ILSL, N°tS, 2004, pp. 277-288
- Hugues Saint-Fort, Kreyòl ayisyen : sa nou dwe konnen sou li, New York, 2020
Lyen entènèt
0 Commentaires