Chaje kou Legba oubyen chaje koule ba ?




 Chaje kou Legba oubyen chaje koule ba ?

Lang kreyòl Ayisyen an byen founi ak ekspresyon idyomatik, ak pwovèb, ak eslogan ki makonnen kòd lonbrik chak ayisyen ak kominote li nan yon dinamik bon konprann. Kit se nan nivo varyasyon, anpil zòn sibi yon defòmasyon lengwistik rejyonal kit se nan pwovèb yo.

De mèm pou kèk plant, viv ak kèk varyete manje, toujou genyen yon ti diplis nan non yo, swa nan fason yo nonmen yo, fason yo pwononse yo oubyen fason yo konsidere yo. Anpil fwa, chanjman sa yo fèt nan kontèks kreyasyon sa lengwis yo rele neyoloji, ki make yon reyalite tout moun nap viv oubyen tout moun ka konstate, ki vin sèvi temwen epòk pa li fèt la.

 Kèk lòt fwa, mo ki te egziste lontan, vin pran yon nouvo konotasyon nan lespri popilasyon ki sèvi ak lang nan pou mete deyò tout kalte bagay : tankou sa ki kache nan lespri, sa ki ka bay kè kase, kè kontan, elatriye. Nan kondisyon sila a, anpil nan yon konn vin kontradiktwa a sa nou te konnen déjà, osinon li ka vin reflete yon menm reyalite ki anplifye.

Pa egzanp, dechoukay an 1986, van vire Wyclef Jean an 2006, ekspresyon ki enterese nou nan atik sa a menm nan se ak vodou a li souvan fè referans lè yo pwononse li konsa : CHAJE KOU LEGBA.

Men Legba nan vodou ayisyen an se yon jènjan pafwa yon pèsonaj (ti granmoun) ki gen yon baton, yon chapo pay, yon pip nan pwent bouch li, k ap moutre tout lòt k ap fè chimen men ki wout pou yo pran, li menm konn louvri pòt ak louvri baryè dapre kwayans popilè a. Nan ki moman nan mitoloji ak kwayans nou menm kòm ayisyen Legba chaje ak anpil batanklan ?

Nan yon seksyon kominal nan lanviwon vil Jeremi, genyen yon lokalite sou anlè Previle ak Latibolyè, kou w fin kite Dayè ki rele Bwadòm. Nan zòn sa a, moun yo itilize menm ekspresyon pou di yon pyebwa chaje ak viv oubyen fwi, pou di yon moun koube anba chay, lè yo di li CHAJE KOULE BA. 

Ou santi li fè plis sans, san ou pa poze tèt ou kesyon, kou w tande li ou ta di « Ah wi, se sa menm. »

Paske lè yon pye bwa charye yon pakèt fwi, li koule kouwè w ta di li pral kase, atò konsa, tout moun di li « KOULE BA » paske li byen chaje.


Auteure : MarckDany Néolien 



Enregistrer un commentaire

0 Commentaires