Koudèy sou selebrasyon jounen Entènasyonal Lang ak kilti Kreyòl, sou lobedyans DRID ENTREPRISE ak JENI DRID



Dimanch 27 septanm 2024 la, DRID ENTREPRISE ak JENI DRID te reyini yon santèn jèn fanm ak jèn gason pou bwase lide sou yon seri sijè enpòtan ki makònen ak lang kreyòl, nan yon anbyans san parèy, ki marye lespri ak lanati.

« Mwen sonje lè m te lekòl primè kay mè, lang kreyòl te entèdi sou lakou tankou nan klas yo. Sa te lakòz mwen pran pinisyon tankou: baton, jeton, fè liy... Pandan mwen vin gran, sa gen anpil enpak sou mwen. Kèk fwa, m santi se fòse m fòse pale lang manman m ak papa m alòske mwen se yon ayisyen natif natal. Nan fraz mwen yo gen plis mo fransè pase kreyòl, nan ekri kreyòl menm se yon katastwòf. » Temwayaj Roselande BELONY, youn nan volontè ki tap bay kout men nan aktivite a. « Depi tou piti yo fè n redui entèlijans nou nan kapasite n genyen pou n pale lòt lang, fransè sitou. M pa t janm dakò ak sistèm nan e sa p ap chanje jodi a »



Anba Tonèl lakay, jan non an di se te vrèman repwodui reprezantasyon yon ransableman anba tònel nan vil pwovens men fwa sa se nan kè kapital la sa te fèt. Kote jèn yo chita sou tapi antoure ak pyebwa, dekorasyon ki fèt ak chapo pay, mouchwa koulè ble ak blan ki se koulè estrikti a. 

Pou Drianca DERICE, jèn fanm antreprenè ak fondatè JENI DRID, dezyèm edisyon Anba Tonèl Lakay te fèt nan objektif pou ranfòse fyète kiltirèl la, fè kominote a sonje bèlte ak richès ki gen nan kreyòl lan pandan l ap ankouraje inite (rasanble diferan regwoupman jèn yo), solidarite ak lanmou pou kilti nou.

Olye de pale sou istwa lang kreyòl, jèn yo te pito gwoupe yo pou reflechi ansanm sou sijè tankou :

 Kisa n ka fè pou pozisyone lang kreyòl lan nan mond lan? Kijan lang kreyòl ayisyen an kapab ede nan devlòpman Ayiti?

Pratik vodou, kwayans relijye: poukisa seremoni vodou yo fèt an kreyòl epi seremoni kretyen yo an fransè?

Eksite kay timoun yo lanmou pou lang kreyòl ak kilti: kijan? Ki kote? Avèk kiyès? Kilè? Ki obstak yo ka kontre?

Youn nan bagay ki ra ankò, jèn yo te gen okazyon manje kèk manje kreyòl ki te ekspoze nan kwi. Se yon meni ki te reflete fyète ayisyen, ki te gen ladan l : kasav, pen, manba, bonbon amidon, mant, doukounou, kafe, chokola, te jenjanm, tablèt kokoye, tablèt pistach, fresko ak kase dan. Mete sou sa te gen yon twoup twoubadou ki te akonpaye aktivite a. 

Nou te kapab remake lajwa sou vizaj chak grenn moun ki te nan espas la. 


«De nan obstak m te rankontre nan kad dezyèm edisyon Anba Tonèl Lakay la, se te resous moun : Moun ki kwè tout bon nan ideyoloji a ak misyon an ki pou te angaje ak mwen. Lòt la se te resous materyèl ak finansyè : Okenn enstitisyon pat anbake ak mwen e m te gen anpil difikilte jwenn materyèl kreyòl prete oswa achte.» se pawòl sa yo Derice konfye nou. Pou li, aktivite an se yon reyisit a katreven pousan.


Daprè Belony yon jounen konsa vle di anpil bagay. Kote jèn ki sòti nan diferan rakwen ak fanmi chita familyarize yo epi diskite sou sijè ki enpòtan, ki konsène tout ayisyen nan tout libète, ri ansanm. 

E Derice apiye pou l di, jounen an te plis pase selebrasyon ajoute sou pataj eksperyans ak konesans, se te tou yon envitasyon pou transmèt kreyòl la bay jenerasyon k ap vini an, devlope yon sans responsablite pou pwoteje eritaj nou.

Pa gen pi bèl bagay ki fè fyète zansèt yo lè yo wè malgre tout bagay n ap lite pou rete konekte ak kilti nou. Wè nou rete fidèl ak idantite nou, nou sanble ak yo.

Anba Tonèl Lakay se evenman ki rapwoche ayisyen pi prè zansèt yo.



Redaktè: Shelsy DICE 

Enregistrer un commentaire

0 Commentaires