Lanmou pa toujou gen fòs pou kenbe relasyon an vi

 


Renmen, yon  vèb ki mande anpil prekosyon nan plim Vanessa


Si pou anpil moun renmen se inite, ret ansanm se sa k  prèv lanmou an, pou Vanesssa SAINT JEAN separasyon se prèv lanmou kote anpil moun pa rive dijere. 


Vanessa SAINT JEAN  Yon jèn talan, natif natal lakou potoprens,  fè karyè mizikal li sou silans, kote l pat vreman parèt sou twal la, s  on estrateji l te adopte pou te rive sètifye talan l avan l bay gran piblik la konsome.


pakou mizikal li pral tanmen se nan fanmi l, kote frèl ak sèl yo pat sispann  chante ak vwa dous nan zorèy li, koze k tap pral nouri ak devlope sans mizikal li ak leve flanm fanm li nan koze mizik.


Tout anfans li melanje ak avan jenès li l ap pratike pasyon l, jouk  tan yon jou sou sèn mizikal li legliz li pral valorize talan  an se depi lèsa  Vanessa goute sèl li pa mande rete.


Jèn etidyant  nan syans  ekonomik nan inivèsite leta a di  marye pasyon ak etid se pi bon mwayen pou w reyisi vi w, eneji k pral pouse l  fè plizyè kolabo ak plizyè solo.


Talan pa konn ni laj, ni klas , ni wotè, ki koulè, ni sèks, sa ki t ap pral fè depi 7an Vanessa koumanse ekri, 9 ane li tanmen chante, sou 13 lanne li rive chanpyon konkou chan nan  yon legliz ozalantou zòn li te rete, malgre anpil bòykotaj, li rive chanpyon pou tit ak  meday paske prim yo pa t rive jwenn li dapre pawòl  talan  sila a.


apre anpil antrènman,  anpil pratik sa yo, 17 lane ki te rive sou jèn talan  sa a, li  ta pral konsakre l nan mizik, men malgre tout sa li li pat vrèman gen je ki te brake sou li  tankou n taka di sa rive pou Emlin MICHÈL, Yòl DEROZ,  pou m site 2 sa yo sèlman.
21 lanne k ap fè pakou sou laj li la a aktyèlman  li soti yon klasik ki pral revolisyone koze santiman  an kote anpil fanm rete soufri paske kè yo renmen yon moun, menm si moun sa a ap fè tout sak pasa, tankou n ka site sa yo twonpri ak britalite.


Nan klasik sa ki gen pou tit: «M PAP TOUNEN» 

Vanessa pral mete ansanm ak GRANDIavanLAJ pou mete nan videyo sitiyasyon  dekourajan ki konn ap taye banda nan relasyon de moun kote gason an konn tèlman panse l flannè sa fèl pèdi ekilib menm zanmi mennaj li pa epanye.


koze k fèt ak repetisyon, komkidire se ta yon woutin, yon dezyèm nati.


yon videyoklip ki g on orijinalite,  yon amomi melanje ak vwa majik oupa ta di s on limàn kazimi, yon siwo myèl, dekò a bay anvi viv sa kap dekri a, Atis la konfyant , elagant , pou tout yon fwa ankò li fè enpak ke okenn lòt mizik li yo pa rive fè.

Rive manyen  yon sijè sansib konsa kote  malgre l brize, li trayi li rive kenbe zanmitay li ak Besti li.
sitiyasyon k pote n  kesyone sou reyalite k antoure n yo èske  vrèman apre twonpri, apre bon zanmi w twonpe w ak moun ou, èske relasyon sila a ka kontinye?


nan mizik sila Vanessa montre sa kap posib tout fwa n ka jere ekilib ki dwe fèt nan relasyon zanmitay ak santimantal.


Nan pawòl Atis la , li deklare sa a: avan  retire yon zanmitay nan atouraj nou li ta bon pou n ta gade pase n  yo, sa n t reyalize ansanm yo.
li konsyan ke  zanmi l lki rive nan  relasyon ak menaj li s on erè lè w  ap gade l  ki pa t dwe padonnen, men li ajoute l jete plis kilpabilite sou mennaj la ki pa respekte ni li ni zanmi an.


Emanyèl KANT,  nan yon refleksyon sou koze mizik di, m ap site: mizik la se lang tout emosyon yo, Vanessa prete chemen sa pou yon lòt fwa pou l pale  sou santiman ki se yon pèlen ak 2 tèt,  yon bò l ka fasilite  w jwenn lajwa, bonè, konsa tou li ka pote remò, kè brize, angwas ak rayiman.


videyoklip sa louvri vwa l byen laj pou denonse  tout move aksyon bon moun ap pase nan relasyon men akoz  y ap fè plezi ak sosyete a rete soufri.
S on kout mizik revolisyonè, chaje ak refleksyon, plim  lan  byen manbre  ki pote chak nyans  li sou yon sitiyasyon k ap taye banda nan relasyon chak jou.


dapre  temwayaj  talan an, li pa sispann remèsye Bwa dèyè bannann li ki se   Naïka v7 ki pat sispann dil jan l kwè nan talan l, ki nonsèlman ankouraje l, k ap sipòte l men tou ki fè kolabo ak li pou di  ak  li  li s on gwo  wòch nan konstriksyon talan l.

Atis la anonse pwojè l yo p ap kanpe, gen plis bagay k ap vini toujou men sa k ap ba l plis fòs pou l kontinye travay la se  jan nou menm  fanatik yo nou pral konsome  mizik li yo ak videyo l yo .
Si apre lè tout bagay fin pase ap rete sèlman atizay, Naika, GrandiavanLAJ ak Naïkav7 ap toujou la  pou  klewonnen flanbo mizik la byen wo. 




Otè: John wisky LOUIRARD(Cobra's)
Aktivis kiltirèl ak kreyolis


Avec Salon du livre de Port-au-Prince

Enregistrer un commentaire

2 Commentaires