Mò Rèd ak Kè Mès se de (2)rekèy pwezi ki vini avan San eskanp, Zèv ki wè jou anba gouyad plim Lines SAINT JEAN, ki gen pou non vanyan l ATCHABA, jèn powèt orijinè andezo nan depatman Grandans ap fè pelerinaj sou kalte move lavi sou tout fòm ki pa sispann feraye sou lavi tchovi n yo.
San eskanp s on Zèvda tounèf ki pare, kote otè a lote yon ansanm denonsyasyon, yon ansanm malsite, yon ansanm move zak nan bèk plim li pou rele chalbare dèyè san fwa ni lwa ki pran do pèp la pou kobay.
Atchaba; pasyone plim ak pwezi a trennen yon kout plim byen senp pou di yon dividal koze byen konplike, jan powèt la dekri bagay yo klè kou dlo kòk la w pa ta di se menm jan timoun channmas yo ap fè lago deli nan koule chache moso lavi man rès anbwate nan kanivo yo. Estil li marye ak revandikasyon an dous kou myèl men pike tankou piki abèy. nan vwayaj liv sa lektè yo jwenn posibilite konprann byen fasil yon ansanm maskarad ki kache anba vès, yon ansanm mizè pwa senkant ki flannen sèlman nan vit filme, s on kout plim ki pa bobo ak konze ni souflantchou.
"m pran pozisyon m deja pou m avili tout sa k dwe avili, pou m sipòte tout sa k dwe sipòte", se sa powèt la rakonte n sou pakou l ak pwezi.
Sa k enteresan nan zèvda sa ou pa t bezwen konprann pwezi a trè byen pou w wè kijan powèt la eskanpe lavi SAN ESKANP, tankou yon pantalon ki tèlman chifonnen kote okenn fè repase pa rive kanpe eskanp li, nan anviwon 85 paj pwezi sa gen koze ase pou m di ase ak move van lamizè sa k ap soufle depi apre 1804, kote nou pa janm rale yon souf.
SAN ESKANP, fwa sa, itilize yon imaj byen pike tankou piman zwezo pou kale je n sou sa k ap mennen n dwat nan twou pèdisyon an.
Pa kite move je pran nawè n daso
nan fizi lavi
Gachèt se mouchwa w
tche wòb ou se
tapi pou ede m pare so[...]
Se kòmkidire powèt la te viv deja nan pase n e k ap kontinye viv nan demen n, li wè ak klè tout mannigans blofè k ap fè ti pil gwo pil sou do n.
Linès SAINT JEAN, s on pye poudre ki flannen man politik, nan ensekirite, nan grangou n, nan dwa moun ak nan lanmò chak jou k ap mande m peye bòdwo si n vle wè de twa grenn jou toujou.
San eskanp mete piblik tout sa k te nan tiwa, s on Zèv ak kalte imaj powetik li yo ki kolore ansanm aksyon chak jou n yo
pou leve plim sou do n pou di si n pa f on jan, enben se tankou zetwal n ap etenn chak jou.
Si nan kout plim sa otè a montre n l ap plenyen se paske l vle montre n vwa pa l fèb kou tèt gridap; li mande n pote vwa pa n nan chak powèm nou jwenn nan SAN ESKANP lan pou n bay eskanp ak lavi nan chak kwen vil la.
arebò baryè a
douvanjou
Mwen ap gad lodela anfas
mwen wè lavi sou kote
kèm ponpe dlo[...]
Maryaj vokabilè yo bay yon bon gou, fasilite, kapte atansyon e kenbe lektè a motive , s on travay ki diy pou non l. jan l vire tounen estil ekriti yo bay bon jan plezi pou w reflechi byen fon sou avilisman powèt la fè a.
Bandi se leta
Leta se bandi
La powèt la itilize yon kyasm pou montre n rapò alevini k ap fèt nan mitan leta ak bandi, sa k pèmèt nou konprann vit sa n ap viv la leta konplis, nan figi estil li itilize yo jwe yon wòl enteresan nan denouman zèv sila, son zèv ki dwe jwenn plas li nan pi wo plas kote moun ap li,paske se yon zèv ki kontribye nan devlopman lang lan epi k ap bay kout men nan konpreyansyon popilè a.
Vant siyati zèv sa ki fikse pou 31 janvye 2024 la , nan ri Maglwa Anbwaz la, nan lokal Bar Resto a soti 2è nan aprèmidi pou rive 5è.
Vant siyati sa ap gen yon kokennchenn batbouch ladan l kote kanmarad powèt, ekriven, otè plizyè rekèy pwezi , Mo pyese, lanmou tèt nèg pou m site sa yo sèlman Jean marc FLEURIMOND nan jou sa a anba tèm : kouman nou kapab itilize ekriti tankou yon zouti pou n re eskanpe figi peyi a. Envite n nou chak vin re eskanpe figi peyi a.
Si pou anpil moun ATCHABA s on komedyen tou enben nan SAN ESKANP ki kanpe rèd tankou yon batayè ak min nan fwon l pou rele sekou pou lavi ki pran nan konplo leta.
Otè: John wisky LOUIRARD(Cobra’s)
Powèt ak kreyolis
Aktivis kiltirèl
3 Commentaires
Bon relfleksyon ti frem!
RépondreSupprimerLimyè!
SupprimerKontantman anvayi m pandan m ap neye nan lanmè la mizè, kout plim ou banm espwa ke yon lè ma jwenn fòs poum naje soti
RépondreSupprimer