Boni an se yon diplis lalwa mande tout patwon bay anplwaye yo nan fen ane an pou rekonpanse efò travay yo. Men, kòm li gen rapò ak lajan, sa souvan lakòz konfli ant patwon ak anplwaye, paske anpil moun pa byen konprann jan li dwe aplike.
Gen patwon ki panse yo ka bay li osnon pa bay li selon kontra travay la. Gen anplwaye tou ki panse nenpòt kantite tan yo pase nan travay la, yo gen dwa ak yon boni ki egal ak salè nòmal yo.
Ki moun ki gen dwa ak boni ? Ki fason yo kalkile l ? Èske yon patwon ka pa peye l ? Kisa lalwa di nan ka sa ?
Pandan fen ane an ap pwoche, kesyon sa yo kapab enpòtan pou anpil moun. Se poutèt sa nou chwazi ekri atik sa.
Anvan n antre nan detay yo, fòk nou di prensipal zouti lalwa ki règlemante zafè travay nan peyi a se Kòd Travay Ayisyen an. Objektif kòd sa a se kreye yon relasyon ki amonize ant kapital ak travay, pandan li asire byennèt travayè yo epi ankouraje amelyorasyon kondisyon lavi yo. Kòd Travay la aplike pou tout travayè nan sektè prive a. Men pou moun k ap travay nan administrasyon piblik la, se Dekrè 17 me 2005 la ki fikse règleman yo.
Daprè Kòd Travay Ayisyen an, espesyalman nan atik 154 rive nan 158, tout patwon oblije peye boni a bay tout anplwaye yo, sòf si yo ap travay nan yon òganizasyon san bi likratif osnon yon enstitisyon ki gen karaktè filantwopik.
Boni an dwe peye ant 24 ak 31 desanm, epi li pa dwe janm pi piti pase yon douzyèm (1/12) salè mansyèl anplwaye a. Kidonk, pou yon anplwaye ki ap touche 50,000 goud chak mwa, etan done yon douzyèm salè li se 50,000 ÷ 12 = 4,166.66 goud, boni li pa kapab nan okenn ka pi piti pase kantite sa.
Boni an dwe al jwenn tout anplwaye, san diskriminasyon, nenpòt kantite tan yo pase nan travay la. Menm si yo revoke yon moun avan fen ane an, yo dwe toujou peye li boni pou tan li te travay la.
Kalkil boni an lè sa, se ap :
Boni = (Tan travay ÷ 12) × Salè.
Kidonk, si anplwaye an travay pandan 6 mwa, boni li ap : (6 ÷ 12) × 50,000 = 25,000 goud. Si li fè 9 mwa, boni li ap : (9 ÷ 12) × 50,000 = 37,500 goud. Si li travay tout ane a, boni li ap egal salè total li a, ki se 50,000 goud.
Boni : Yon Obligasyon, pa yon Opsyon
Boni an pa yon bagay ki depann de volonte patwon an. Menm si kontra travay la ta ekri ke patwon an pa dwe peye boni, anplwaye a toujou gen dwa mande li, paske lalwa travay la fè li obligatwa. Sa aplike tou pou tout lòt avantaj lalwa rekonèt, tankou konje peye, konje matènite, maladi, ak «préavis», elt.
De prensip enpòtan esplike sa. Premye a se prensip «hiérarchie des normes» nan. Selon prensip sa jiris otrichyen Hans Kelsen te elabore, règleman ki pi wo nan sistèm jiridik la (tankou Konstitisyon, lwa, ak dekrè) gen plis fòs pase règleman ki pi ba yo (tankou kontra prive). Nan ka kontradiksyon ant 2 nòm, se sa ki pi wo a ki ap aplike.
Pou n tounen sou boni an, etan done lalwa travay la fè obligasyon pou tout patwon bay li, nenpòt kloz nan kontra a ki t a di yon lòt bagay ap deklare nil ak san efè.
Dezyèm prensip la, nou jwenn li nan atik 6 Kòd travay la. Atik sa di okenn travayè pa kapab renonse ak privilèj konstitisyon an ak lalwa ba li. Kidonk rale kontra a pou pa peye boni, se yon zak kraponnay patwon tèt chat ap fè. Men sa pa fè pèsonn ki konn lalwa tranble.
N ap di pou n fini, menm jan nou konnen gen pèn ki mache ak chak fòm enfraksyon, dwa travay ayisyen an pini patwon ki pa vle peye boni yo. Patwon sa yo riske yon amann, san konte domaj ak enterè yo ka egzije yo bay anplwaye ki konsène an pou prejidis li sibi. Mezi sa yo gen pou objektif ankouraje konfòmite ak obligasyon yo epi konpanse domaj anplwaye yo soufri.
Se responsablite tout patwon pou respekte obligasyon lalwa travay mande yo. Boni an pa yon fado, men pito yon fòm rekonesans ak jistis pou travayè yo. Ann respekte l !
Otè: Carl Oldyson BERRETTE
Koreksyon ak Sipèvizyon: Carl Henry Burin
0 Commentaires